Ayiti Pou Ayisyen

Nous décodons l'info

Nous décodons l'info

humaaans/standing-2Created with Sketch.
humaaans/standing-3Created with Sketch.

Nesmy Manigat ap defann refòm rejim li a nan sistèm edikasyon peyi a

Ansyen minis edikasyon nasyonal sou gouvènman Martely a, Nesmy Manigat, vle defann refòm li a nan sistèm edikasyon peyi a. Men se ki enpak reyèl refòm sa yo genyen sou sistèm lekòl la? Ki byen fonde refòm sa yo?

Nesmy Manigat ap defann refòm rejim li a nan sistèm edikasyon peyi a image

Ex-Minis edikasyon nasyonal la Mesye Nesmy Manigat fè yon dènye soti nan laprès pou defann dènye refom ke administrasyon li an te mete nan sistèm lekòl laa an Ayiti. Pou Ex-minis laa, mounn yo pa finn byen konprann lè yap mande chanjman sistèm nan pa bò isit, sitou nan domèn politik. Paske pou li menm refòm li te avanse yo se yon egzanp de fason ou ka kòmanse chanje sistèm nan. Poutan mounn yo pa rive konprann saa.

Nan tèks saa, mwen vle bay konpreyansyon mwen de refòm Mesye Nesmy Manigat te fè nan sistèm edikasyon an e eseye montre ki enpak negatif yo genyen sou sosyete a.

Deja, mwen te panse se te sèlman mwen menm ki te wè refòm saa yo de yon move je. Men daprè reyaksyon èx-minis la, gen anpil lòt vwa ki kritike refòm yo. Mwen pa konn ki agiman lòt vwa yo itilize pou jistifye mefyans yo pa rapò ak refòm sa yo. Men laa, nou pral degaje kèk agiman ki montre ke desizyon sa yo katastrofik pou sistèm edikatif la ak pou devlopman peyi a an jeneral.

Younn nan agiman ke Nesmy Manigat itilize pou li kore lide refòm li yo, se yon agiman ekonomik senp. pou li menm, refòm yo pèmèt MENF fè ekonomi. Sa vle di MENF depanse mwens. Antouka, li koute leta ayisyen mwens nan travay li ap fè pou edike sitwayen yo. Pa egzanp misye avanse ke: "MENFP te rive fè ekonomi plis pase 400 milyon goud nan lane 2015 kote egazmen ofisyèl ki te konn koute 600 milyon pase a mwens ke 200 milyon goud”.

Agiman saa se yon agiman ki enteresan paske tout mounn ta renmen fè ekonomi sou nenpòt ki aktivite ke yo ap antrepran e se menm bagay la tou pou yon enstitisyon, yon biznis ou byen tout yon leta. Men sa rezonman an pa di, se ke nan nenpòt ki aktivite a ou bezwen fè ekonomi men an menm tan ou vle o mwens kontinye bay menm rezilta ke ou te konn bay avan an. Si ou fè ekonomi epi objektif fondamantal ou te genyen an pa atenn ou byen kalite pwodwi w la degrade se lave men siye atè.

Pa egzanp, yon mounn ka toujou vle fè ekonomi nan achte manje pou mounn lakay ou. Men si pwodwi ou al achte bon mache yo se pwodwi ki pral fè ou menm ak fanmi w malad. Ekonomi sa ou fè nan achte manje a pral pase nan lajan lopital ak medikaman. Ou riske pou peye plis kòb toujou ke sa ou te ekonomize a.

Nan sans saa, se kisa objektif fondamantal MENF ye? Objektif ministè a ta dwe: rive siveye ke sitwayen ayisyen ki ap pase nan sistèm edikasyon an rive jwenn bon jan fòmasyon e pou yo rive gen bon konprann pou demen yo kapab itil aktivman nan devlopman peyi yo. Paske si sitwayen yo pa byen fòme, pap gen bon doktè, ni bon enjenyè, ni bon direktè bank, ni bon kontab, ni bon mekanisyen ki pou ede peyi a devlope. Kidonk lajan ke leta pral envesti pou pouse devlopman yo pral gaspiye paske ap manke mounn ki gen bon jan konprann pou jwe wòl teknik serye yo.

An nou gade kounye a nan ki kondisyon refòm sa yo te rive. Refòm sa yo rive nan peryòd ke leta pa gen okenn kontwòl sou jan lekòl ap fèt sou teritwa a vre. Wòl MENF la se jis konvoke lekòl yo pou voye elèv yo pase egzamen ofisyèl yo. Men apre saa tout mounn konen ke gen anpil timounn ki chak lane chanje lekòl pou yo ka chanje klas. Tout mounn konen gen anpil direktè lekòl ki gen abitid pran lajan nan men elèv ou byen paran elèv pou mete non yo nan lis elèv ki pral nan egzamen. Gen tout yon seri zak koripsyon nan zafè lekòl la ki egziste akòz de feblès leta nou an. Se sa ki explike egzistans 4 egzamen ofisyèl sa yo kòm baryè pou rive kontwole kalite fomasyon ke elèv ki pral gen papye bakaloreya nan men yo a rive genyen.

Nan kondisyon sa yo lè MENF deside retire kèk nan baryè sa yo. Men ki lòt mwayen li bay tèt li pou rive mete plis kontwòl sou lekòl yo? Pa gen okenn mezi ki pou pèmet gen plis kontwòl. Kidonk si gen mwens baryè e byen plis mounn ap soti ak dplòm fen etid la nan mwens tan men yap soti ak tèt yo vid. Paske anpil ladan yo pa swiv pakou nomal ke yo ta dwe swiv la vre.

Lè plis mounn rive kite lekòl la ak diplòm nan men yo, se yon bon bagay. Se yon bèl rezilta pou gouvènman ki pote refòm sa yo. Paske sa sèvi pou gonfle chif yo nan Bank Mondyal, kòm peyi ki ap fè gwo jefò nan edikasyon. Men ki enpak chif sa yo genyen lè w konsidere resous zimèn ki disponib vrèman pou ede peyi a devlope? Nou ap dakò avèk mwen ke rezilta a mèg anpil.

Men nan tèt ansyen minis la: "Gen moun ki rive panse ke twòp elèv ayisyen ki pa entelijan pase, komsi resite pakè nan egzamen se entelijans.”. Non, mwen pa kwè gen okenn mounn ki gen bon konprann ki pral panse resite pakè se entelijans. Men li klè ke jodi a etidyan ki ap rantre nan inivèsite yo rive avèk yon bagaj entèlektyèl ki vinn pi mal de jou an jou.

Ansyen minis la kontinye pou li di: "Komsi depanse tout kòb sa chak ane pou mwens pase 10% ayisyen fini fè lekòl segondè ak yon kourikoulòm ki ekspire, se yon sistèm ki jis e ekitab”

Non. Yon lòt fwa li pa bon pou se mwens ke 10% elèv ki rive gen yon fòmasyon akseptab apre yo finn pase tout tan saa sou ban lekòl. Men èske solisyon an se nan jis retire mwayen kontwòl pou nou ka gonfle chif yo san pa gen yon fòmasyon de kalite ki asosye ak statistik sa yo vre? Sinon nou ka retire tout egzamen ofisyèl yo epi nap wè chif yo pase de 10% a 90%. Men rezonman saa yo se demagoji. Si nou vle konstwi yon peyi nou paka ap fè yon nivèlman pa anba.

An menm tan mwen vle di saa klè ke mwen pa ap defann sistèm edikasyon an jan li te ye a. Gen twòp diferans ant edikasyon ke gwo lekòl nan pòtoprens ap bay pa rapò ak fòmasyon ke elèv ki nan zòn riral yo ap resevwa. Se pi gwo sous inegalite nan peyi a. Kourikoulòm ke nou ap swiv yo te depase lontan. Pwogram timounn yo swiv la pa kadre avèk bezwen nan konesans peyi a mande. Epi egzanp ki nan liv yo pa kadre avèk reyalite peyi nou.

Refòm nan pa remete pwoblèm sa yo an kesyon. Men minis la pale de sistèm jis e ekitab. Èske li trouve li jis e ekitab pou li bay elèv ki mache chanje lekòl pou li ka chanje klas la e ki bon chans pou li byen chita nan egzamen filo yo menm diplòm avèk yon lòt ki pran lekòl li serye e ki rive swiv pakou a kòrekteman? Èske se pa de analfabèt fonksyonèl ke sistèm saa ap kreye?

Minis la deklare ke egzamen ofisyèl ke administrasyon li a te retire yo, se te de egzamen initil. Li eseye makònen desizyon ki pran sou inifòm lekòl leta yo ak refòm sou egzamen ofisyèl yo ansanm pou li ka defann refòm yo. Men li klè ke zafè inifòm ou pa pou lekòl leta yo se yon detay. Li plis konsène ekonomi paran yo ke ekonomi leta ayisyen. Minis la fè yon diferans ki pa klè nan tèt mwen ant lekol leta ki nan bon katye ak lekol leta ki nan katye popilè. Pou mwen nenpòt ki kote lekòl leta a ye se pitit sò Tèsi ak grann Nanna ki toujou ale ladan yo. Kidonk m pa konprann diferans saa menm ke minis la ap fè la.

Tout mounn konen depi yon paran ka fè yon ti jefò ekonomik li pa voye pitit li nan lekòl leta paske yo konnen nan ki eta lekòl sa yo ap fonksyone. Men desizyon an touche sèlman lekòl leta kidonk si koze inifòm nan se te yon mezi ki vize redwi inegalite. Mezi saa pa sèvi ak anyen. Paske se pou mounn ki nan menm kategori sosyal yo li valab sèlman.

Menm jan ak Prezidan Jovenèl ki kenbe pèsèp yon sèl pretèks pou di se mèt sistèm nan ki pa vle li avanse. Ansyen Minis edikasyon nasyonal sou administrasyon Martelly a panse ke se elit ekonomik ki gen kontwòl vann inifòm ak liv yo ki kanpe an kwa ap denigre refòm li yo.

Nan fen tèks Nesmy Manigat pou jan li ap klewonnen ke refòm li yo ap konbat inegalite, yon mounn ka panse ke refòm li yo pèmèt ke elèv ki lekòl nan yon lise Fon Tòti resevwa menm edikasyon ak elèv St Louis Gonzag ou byen Mè Lali. Adye wi dan!!

Pou fini map kite nou ak kesyon saa ke mwen pa gen okenn repons pou li e ke mwen wè ansyen minis la pa abòde non plis. Mwen pa konn pou ki rezon. Ekonomi 400 milyon goud saa ke ministè a fè e petèt ap kontinye fè a, se kisa yo reyalize avèk lajan saa?

Par:   Boukman Duty

Partagez sur vos reseaux: