Ayiti Pou Ayisyen

Nous décodons l'info

Nous décodons l'info

humaaans/standing-2Created with Sketch.
humaaans/standing-3Created with Sketch.

Jis ki kote nouvo KowonaViris la ka kontinye tabli nan monn lan?

Pouvwa pou maladi ki lye ak nouvo viris nCov-2019 sa-a transmèt de yon moun ak yon lòt laa depann de anpil faktè e anpil nan faktè sa-a yo rete enkoni.

Jis ki kote nouvo KowonaViris la ka kontinye tabli nan monn lan? image

Credit Image: Shutterstock

A chak moman, nou wè yon rapò an plis sou nouvo viris saa (Kowonaviris nCov-2019) ki parèt sou rezo sosyal nou. Jiskaprezan, yo repòte plis pase 7700 ka kote moun enfekte avèk viris saa, avèk plis pase 100 ka ladan yo andeyò de peyi Lachin.

Men younn nan kesyon ki kapital nan tèt tout kretyen vivan sou planet tè a se: Jis ki kote epidemi saa ap kontinye vale teren ?

Li ka trè difisil pou yon moun eseye pote yon eleman repons ak kesyon saa paske lajè epidemi saa depann de anpil faktè trankou kilè yon mounn ki enfekte kòmanse ka kontamine lòt moun, pou konbyen tan yo ap rete ak kapasite pou kontamine lòt moun, e pandan konbyen tan viris laa ka rete san li pa anndan yon moun.

Antouka, gen yon premye estimasyon ki predi ke kantite mounn ki enfekte pa viris saa nan 5 gwo vil peyi Lachin - Beijing, Shanghai, Guangzhou, Shenzhen and Chongqing – ap atenn pi gwo pwen li nan peryòd fen mwa Avril ak kòmansman mwa Me. Estimasyon saa vini de rezilta rechèch nan inivèsite Hong-Kong. Pandan peryòd saa va gen plis pase 150.000 nouvo ka moun ki enfekte nan vil CHongqing chak jou akoz de kantite moun ki ap viv nan vil saa ki anpil epi tou anpil transpò ki genyen ant vil Wuhan ak Chongqing. Wuhan se vil kote maladi a te kòmanse a, toujou swivan sa etid saa rapòte.

Daprè menm etid saa kantite moun ki ap gentan montre siy maladi saa nan vil Wuhan ap gentan rive nan 50.000 lòt weekend. Men fòk yon moun byen konprann ke rezilta kalkil sa yo ap chanje rapidman chak jou paske nan modèl kalkil yo gen anpil paramèt ke yo pat konnen e se de tanzantan yap ajiste yo.

Kèk ka kote moun transmèt maladi a gentan fèt nan fwontyè peyi Lachin, espesyalman nan peyi Almay. Jiskaprezan, gen 22 peyi kote yo jwenn moun ki enfekte pa maladi saa. Gen anpil chans pou maladi a rive touche lòt peyi ankò. Men èske ap gen epidemi ki deklare nan peyi saa yo, nou poko ka konnen. Pou repon yon kesyon konsa, lasyans ap travay pou konnen a ki vitès maladi saa ka transmèt de yon moun a yon lòt e nan ki staj enfeksyon an transmisyon saa posib.

Definisyon R0 pou viris saa.

Kapasite pou yon maladi gaye nan mitan yon popilasyon (transmisibilite) depann de kòman li rive pase de yon moun a yon lòt, ki vle di avèk ki fasilite viris la ou byen bakteri a ka pase de yon moun a yon lòt. Syantifik yo mezire kapasite transmisibilite yon maladi avèk yon paramèt ke yo rele R0, yo pwononse li an anglè R-nòt.

Yo rele paramèt saa tou « nomb repwodiksyon debaz ». R0 a pèmèt ou kalkile konbyen moun ki ap enfekte dirèkteman a pati de enfeksyon yon grenn moun nan popilasyon an. Pa egzanp pou maladi Polyo, Varyòl, Ribeyòl valè R0 yo ale de 5 à 7 ; valè saa yo vle di ke an mwayèn yon moun ki trape maladi sa yo pral enfekte 5 a 7 moun ki nan antouraj li si lòt moun sa yo pat resevwa vaksen pou maladi sa yo, daprè Sant Pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC, Center for Diseases Control and Prevention). Viris ki bay maladi Lawoujòl la se li menm ki gen valè R0 ki pi gran, valè R0 a estime ant 12 e 18.

Pandan dirijan nan koze sante chinwa yo ap repòte chak jou plis ka moun ki kontamine ak viris nCov-2019 la, anpil chèchè ap kouri kalkile valè R0 pou nouvo KowonaViris la. Semèn pase a gen rapò kifè konnen ke valè R0 yo ka egal 2 oubyen 3, alòske Òganizasyon Mondyal Sante plis pale de yon valè ki twouve li ant 1.4 e 2.5. Gen lòt kalkil ki bay de valè ki pi gran rive jiska 3.5.

Men kisa tout valè sa yo vle di ?

Pou nou ka byen konprann valè paramèt sa pran, fòk nou konnen ke valè R0 pou yon maladi enferyè a 1, sa vle di ke lè yon moun enfekte pa maladi saa, maladi a gentan disparèt avan pou li ta gentan kontamine lòt moun ki nan anviwonman li, paske moun ki enfekte a geri pi rapid pase vitès maladi a transmèt bay lòt moun. Daprè Dr. Nancy Messonier, direktè CDC pou Sant Nasyonal pou Iminizasyon ak Maladi Respiratwa nan peyi Etazini, nan yon ti chita pale sou maladi a ke yo tap fè ak laprès nan jounen Lendi 27 Janvye a, « An jeneral, ou ta swete ke R0 pou yon maladi pi piti ke 1. Se konsa ou konnen ke maladi a sou kontwòl ». Yon valè R0 ki pi gran ke 1 vle di ke maladi a pral kontinye simaye nan popilasyon an, men nonm sa pa montre a ki vitès ke maladi a ap pwopaje.

Estimasyon valè R0 pou maladi saa ap chanje

Pa bliye ke R0 a reprezante kantite moun ke maladi a ka enfekte a pati de kontaminasyon yon sèl grenn moun; men kontaminasyon saa ka fèt swivan diferan senaryo. Enfeksyon an ka grandi nan popilasyon trankou vag, kote chak nouvo moun ki enfekte al enfekte menm kantite lòt mounn nan sosyete a. Konsa tou enfeksyon an ka fèt pa bon kote gen de mounn ki gen gwo pouvwa enfeksyon ki rive pase maladi a bay anpil mounn epi gen pifò lòt mounn yo ki geri byen rapid avan yo kapab gentan bay maladi a ak lòt moun.

Nan kòmansman yon epidemi, syantifik yo paka idantifye mòd transmisyon maladi a twò byen paske pa gen ase done sou kantite moun ki trape maladi a, men a mezi ke maladi a ap pran pye, mòd transmisyon an ap vinn pi klè. Se ka sa ki rive pou viris ncov-2019 la. « Ti kantite mounn ki trape maladi kowonaviris tounèf la pa pèmèt ke yo rive idantifye klèman yon mòd transmisyon pou maladi a » se sa ke sekretè pou Depatman Sante ak Sekirite AnndanPeyi ameriken an di nan yon lòt « briefing » Madi 28 Janvye a

An plis, estimasyon valè R0 varye de zòn an zòn, paske transmisyon maladi a depann de kòman moun ki nan zòn ki afekte yo antre an kontak youn ak lòt e ki sansibilite moun kap viv nan yon zòn genyen pou trape nenpòt ki maladi enfeksyon. Valè R0 sa ke expè yo kalkile yo pou maladi kowonaviris la se de valè ki valab sèlman pou vil ki rele Wuhan kote maladi a te deklare a.

Estimasyon R0 yo depann tou de karakteristik maladi a li menm ak konbyen tan mounn ki malad yo fè ak kapasite pou yo kontamine lòt moun, èske moun ki poko prezante siy maladi a (moun ki sentomatik) gentan ka pwopaje li bay lòt moun, epi konbyen tan viris la ka rete vivan san li pa anndan yon mounn ou byen yon bèt, selon sa yon etid ke jounal Nouvo Maladi Enfeksyon (Emerging Infectious Diseases) pibliye an Janvye 2019.

Otorite chinwa yo rapòte ka kote mounn ki potko montre siy maladi a (moun ki asentomatik) ta rive pase li bay lòt moun men CDC poko rewè ni revize rezilta done sa yo pou kounye a, yo pako konfime rezilta saa yo. Men daprò Dr. Anthony Fauci, direktè Enstiti Nasyonal Pou Alèji ak Maladi Enfeksyon nan peyi Meriken « Menm si mounn ki poko prezante siy maladi a ka pase li bay lot moun, se pa mounn ki poko montre siy maladi a ki pwopaje yon epidemi ». Lè nou gade listwa tout maladi enfeksyon, nou wè ke mounn ki gen siy maladi a pwopaje viris yo plis pandan epidemi maladi enfeksyon respiratwa.

Èske maladi a ka gaye nan tout monn lan ?

Syantifik yo ap kontinye amelyore kalkil ke yo ap fè sou valè R0 maladi kowonaviris tounèf la a mezi ke plis done ap vinn jwenn yo men li klè ke maladi a gentan monte plizyè avyon e konsa rive depase fwontyè peyi Lachin pou ateri nan plizyè lòt peyi nan monn nan.

Pou anpeche ke maladi a repann nan de peyi trankou Etazini, Ostrali ak Wayòm Ini, otorite nan peyi sa yo pase sou gwo kontwòl tout pasaje ki soti nan peyi Lachin e mete an karantèn tout pasaje ki ta sanble gen kek ti soupson maladi enfeksyon. Semenn sa, CDC anonse ke li ap fè efò pou mezi kontwòl sa yo fèt nan 20 lòt ayopò nan peyi Etazini. An plis, otorite nan zafè Sante yo di ke yo ap mete sou kontwòl menm moun ki te rantre an kontak ak moun ki enfekte deja jis pou yo ka frennen maladi a men tou pou konprann kòman maladi a rive pwogrese chak jou ki ap pase.

Pou moun ki ap soti nan peyi Lachin, yon pasaje ki chita bò kote fenèt nan avyon yo gen mwens chans pou trape viris la si gen moun ki enfekte nan avyon an paske pasaje sa yo gen tandans deplase mwens, kidonk rantre an kontak mwens ak lòt moun ki ap pase nan koulwa yo daprè sa Jewografi Nasyonal di. Men moun ki chita nan menm liy ak yon moun ki gen maladi a deja gen pi plis chans pou li trape maladi a. « Machandiz kap rantre soti Lachin pa ta dwe ka pote tras viris la paske pifò maladi Kowonaviris yo paka rete vivan sou yon sifas pase plis ke kèlke èd tan » daprè sa Messonier deklare nan ti chita pale Lendi 27 Janvye a. Pa gen okenn prèv ke maladi tounèf saa ka rive transmèt nan machandiz ki ap soti nan yon peyi pou ale nan yon lòt.

Messonier ajoute pandan « briefing » Jedi 28 Janvye a : « Alòske pifò ameriken pap janm rive ekspoze ak viris la, men genyen pami yo ki ap gen pou fè fas avèk li ». Mounn ki ap travay nan domèn sante gen pi gwo risk pou yo fè fas ak viris la. Men jiskaprezan se 5 ka sèlman nan tout monn lan kote kèk moun nan travayè lasante yo rive trape maladi sa. Ki fè, risk pou yon ameriken rive enfekte pa maladi saa piti anpil pou kounye la.

Depi lè maladi a komanse a jiska jounen jodi a, maladi a rive touye 170 moun nan peyi Lachin e enfekte plis pase 7700 lòt nan tout monn lan. Kapasite reyèl pou viris saa touye moun avèk pouvwa transmisyon li ap vinn pi klè nan jou ki ap vini yo. Pandan tan saa, otorite sante nan monn la ap kontinye devlope bon jan metòd ak mezi pou dyagnostike, pou trete ak pou fè prevansyon pou maladi sila. Yon moun ka diminye risk pou trape viris sila a nan lave men yo souvan, kouvri bouch yo lè yap touse ak lè yap etènye epi rete lakay yo lè yo pa santi yo byen.

Daprè responsab CDC yo « Chak grenn moun gen yon wòl pou yo jwe pou nou ka rive kanpe pwogresyon maladi tounèf saa ».

OU KA LI ORIJINAL ATIK SAA AN ANGLÈ SOU SITE livescience.com

Mounn ki Ekri atik saa : Nicoletta Lanese

Tradiksyon: PouAyisyen.com

Partagez sur vos reseaux: